CHEMIN VERITE PA NEGOSYE

DAHO-VODOU
CHIMEN VERITE PA NEGOSYE

Ala yon bèl bagay – lè yon moun konn kote l prale. Ankò pi bèl – lè se yon pèp ki konn kote l prale.
Tout asirans – konfyans kenbe – inikman Lè nou konn kote n sòti. Lè nou konn ki yès nou ye – lè nou konn sa nou vo antan jèm valè Sivilizasyon Afro-jenèz.

Se kote n sòti – k ap dikte n – k ap gide n avek klèvwayans chak pa n ap poze – k ap sèvi repè – pou n konn ki lè nou ka fè poz retrè – ak Kilè pou n flote drapo satisfaksyon.

Lè nou konn kote n prale – nou pap bay pyès enpòtans a sa k ap bla-bla makiye doze Marketing.
Jis leve je n – nou gade – twaze tchwipe – kontinye chimen destinasyon n.

Chimen Verite pa negosye.
Se vanse n ap vanse nan Chimen deside.
Konsa n ap travèse tout obstak selon prezantasyon tout menas.
Sou latè se tèk-tègèdèk.
An n chante : Ô Feray – ô aleman – ô lèmiso
So Badji n asire. Awo! Awo! Awo!

28 fevriye 2025.
Joseph Pierre Léonard
DAH MIHINSÉ
Le tou pwisan
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Bayakou reklame