
DAHO-VODOU HOUGAN TI-NÈNÈ LA PIRÈD
Hougan Ti-NèNè la pirèd. Li mouri – lanmò pase sou li – li la pirèd. Sa ki etènèl se wè yo wè lap pase. Misye te konn danse nan yon bann RARA – ane sila se nan tout bann RARA yo li ye – lespri l plane danse nan yo tout.
Se vre – gen anpil moun ki chagren. Gen anpil moun ki dewoute. Esansyèl se ramase vanyan nou pou konsole rezistans frekans nou pou nou viv mistik nou avek Hougan Ti-NèNè ki te moun tout moun. Li te moun tout moun – paske li te moun ki moun tout bon. Sa ki te konnen l – konnen byen depi nou kwaze – nou rankonte – nou wè ak Ti-NÈNÈ nou pa ka ale san anyen – li pap kite pyès moun ale men vid – si li pa ta gen anyen pou li ba w – li pito ramase yon ti-wòch pou l mete nan men w – li pote kè l nan pla men l – li jenere – li toujou pèdi tèt nan yon antouzyasm san limit – nan pataje sa li genyen. Jou yon moun rankontre ak Ti_NÈNÈ gen yon kado li ba w kap abite lespri pou tout rès lavi w – se souri misye nan yon fason majik li limen griyen dan li ba w. Sa rele don natirèl.
Hougan TI-NÈNÈ vanyan etènèl – li la – lap toujou la avek nou nan tout RARA nou gen pou nou danse sou tè beni peyi Ayiti ak tout kote nou pase – tout kote nou ye.
Nèg pa nou – Respè pou w – respè pou tout sèvitè ki te toujou antoure w Hougan TI-NÈNÈ. Kenbe Lakou-a djanm – Lanmò soufle sou vanyan – men li pa ka pote l ale.
Ayibobo ! 7 mas 2018
Joseph Pierre Léonard
Gangan mesaje / ibo thérapeute
Prens d’Aissò de Zè du Bénin
mwen kontan k nou gin yon fondasion vodou ki di li pap kache anko li gin dwa mimjen ak tout moun. dwa k papa desaline e famm’ daiti te goumim pou libete nou fo nou ginyin.
let wap fe yon leve kampe se pou pale nan media pou moun ka konin pou yo ka rejoin yo nan travail sa k si delica. our freedom todo what is right in the name of our spirits. ayibobo respet pou tan u e konesence u ede anpil moun.